1 (58:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (58:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?2 (58:3) Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a.3 (58:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.4 (58:5) Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,5 (58:6) ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa.6 (58:7) Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè!7 (58:8) Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen.8 (58:9) Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri.9 (58:10) Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.10 (58:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.11 (58:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.
Publicidade
Salmos 58
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos